Musical Introduction
1
Jezikri se sèl esperans,
Se li sèl ki bay asirans,
Li se soutyen m li se fòs mwen
E mwen p ap rete nan chemen
Refrain
Jezi se ou ki delivre m
Se ou, Sovè m, k ape kenbe m (2 fwa)_
2
Okenn lòt plas pa ka kache m,
Okenn lòt non p ap delivre m,
Moun ki chwazi lòt direksyon,
Soufri, peri san jwenn padon.
3
Men lè tout bagay vle sonbre
Mwen gade Jezi mwen kanpe.
Lè kouraj mwen ta vle febli
Mwen jwenn sekou nan prezans li
4
Malgre lanmò gen pou vini
Sa pa vle di lavi m fini,
Avèk Jezi pa gen lanmò
Se fèmen je louvri l lòt bò.
Musical Introduction
1
Redanmtè mwen mouri sou lakwa
Pou nou kapab viv si n resevwa l.
Li vin rachte tout moun nan peche,
Si nou kwè nou p ap janm kondane.
Refrain
Lè Bondye wè yon pechè _(2 fwa)_
Ki kouvri avèk peche
Met lafwa nan Jezi, Li padone l.
2
A! ou mèt pi mechan sou latè,
Kè ou mèt di tankou yon bout fè,
Si ou vin jwenn Jezi pou sovè w
Tout syèl la kontan, ou delivre.
3
Bondye bon li ban nou Pitit li ;
Pandan nou gen lavi, repanti
Paske, kòlè Bondye se dife,
Kouri, vini, sòti anba malè.
4
Vi ou dwe pwòp tankou Jezikri,
San l va lave ou, w a gen Lespri.
Vini, vini tan an ape pase
Si ou mize twòp, sa ou va fè?
Musical Introduction
1
Ala yon bèl bagay ki nan vi mwen rive
Lè Jezi vini nan kè mwen.
Mwen gen limyè nan kè m,
Sa m te toujou chache
Lè Jezi vini nan kè mwen.
Refrain
Lè Jezi vini nan kè mwen, (2 fwa)
Lajwa mwen debòde
Pase yon gran rivyè
Lè Jezi vini nan kè mwen.
2
Mwen sispann vwayaje
Nan yon move chemen
Lè Jezi vini nan kè mwen.
San Jezi efase tout peche m te genyen
Lè Jezi vini nan kè mwen.
3
Mwen te jwenn yon espwa
Ki va dire touttan
Lè Jezi vini nan kè mwen.
E nan pwen dout ankò
Nan kè mwen kòm avan
Lè Jezi vini nan kè mwen.
4
Mwen gen yon limyè
Ki klere chemen mwen
Lè Jezi vini nan kè mwen.
Mwen ka wè pòt Syèl la
Louvri lòt bò pou mwen
Lè Jezi vini nan kè mwen.
5
Mwen genyen nan Syèl la
Yon kay pou mwen rete
Lè Jezi vini nan kè mwen.
Mwen kontan, byen kontan,
Bonè mwen asire
Lè Jezi vini nan kè mwen.